Lecontact  Wide Banner
Le contact - US, Canadian, French and Haitian sites.  Sites américains, francophones, canadiens, français et haïtiens.

Home/Accueil Suggestions Search/Recherche e-mail Add/Ajouter URL Link to us/ Liens

Art & Leisure
Art & Loisirs

Family/Education
Famille/Etudes

Fashion & Beauty
Mode & Soins de Beauté

Fitness & Health
Bien-Être & Santé

Finances & Insurances
Finances & Assurances

Food, Wines & Drinks
Recettes, Vins & Boissons

Freebies
Gratuit sur L'Internet

Governments
Gouvernements

Home & Garden
Décorations & Jardinage

Jobs & Small Business
Emplois & Entreprises

News, Sports & Weather
Nouvelles, Sports & Météo

Organizations
Organizations

Shopping & Services
Shopping & Services

Cars
Voitures

Real Estate/Relocation
Immobilier/Transfert

Sciences
Sciences

Technology & Computer
Technologie & Ordinateur

Travel
Voyages

  Rétounin à provèb sémèn lan

Volè pa janm vle volè parey-yo gen gwo djakout  (Le coin de Carl)

Kote yo pa konnen bouki li pase pou wa.(Le coin de Carl)

Fanm pa dra men li -w bliye fwedi.(Le coin de Carl)

Pale moun mal se la pryè jouda.(Le coin de Carl)

Volè pa janm genyen pase met jaden (Le coin de Carl)

Si chen tonbe rakonte rèv-li, moun pa ta jam mashe lannuit (Le coin de Carl)

Zafè ti-poul ak ti poulèt, moun pa mele. (Le coin de Carl)

Se la vèy fèt pou-w konnen si fèt ap bèl. (Le coin de Carl)

Jou makak di-w lap ba-w kout rosh,rosh li te gen tan nan men-l (LE COIN DE CARL)

Si-w pa gen kè ou pa jwe pokè (LE COIN DE CARL)

Tripotay pa rete nan mitan bon zanmi (LE COIN DE CARL)

Bourik pitit se pou do-li ka poze (LE COIN DE CARL)

Gran gou se maladi, vant plen se traka (LE COIN DE CARL)

Si-w pa genyen pou-w bay pov, pa kraze kwoui-li. (LE COIN DE CARL)

Bon karaktè se wanga fanm lèd.(LE COIN DE CARL)

Poul ki chante-an se li menm ki ponn(LE COIN DE CARL)

Vant plen pa vle di gwossès (LE COIN DE CARL)

Moun fou ak ti-moun pa peye dwa (LE COIN DE CARL)

Yo n sèl papiyon pa la Sen-Jan (LE COIN DE CARL)

Zandolit pa mete kanson mabouya (LE COIN DE CARL)

Sa ki mare Bouki, se sa ki pou lage-l. (LE COIN DE CARL)

Nou chak kite yon bouk dorèy kay ofèv.”(LE COIN DE CARL)

Zantray fanm se rak bwa
Ala ti fi lèd mezanmi. Kote li-pran ledè sa-a ?  Jan manman-an se yon bèl fam ! , li remèt tout kalite .

Zafè ti-poul ak ti poulèt moun pa mele.”

Chita pa bay.
Fô ou travay pou kapab mangé.

Dan ou gingnin sé avè'l ou manjé.
Pa dépansé plis ké ou gingnin.

Avèg pa kondui larivyè
Ranjé lavi ou anvan, aprè oua invité lòt fè minm jan an.

Chak chaplè gin koua li
Chak moun fè ça yo kapab.

Jan ou tann kabann oun, sé konsa ou dômi.
Pa comprann ou ap réusi, si ou pa préparé ou.

Ki méle Bon Dié nan grangou chin
Bon Dié bon pou moun kap bat zèl yo.

Pinga jouré manmam kayiman tou tan ou poko fi-n janbé lariviè.
Gin dé lè nou pa kap di tout sa nou vlé à yon moun, tou tan nou bézoin li.

Sé nan jouèt yo batisé Jouif
Fè atansion pou yo pa tronpé ou. Lè yon moun ap joué ak ou, li kapab ap ésayé tronpé ou.  

Mandé chémin pa di pèdit pou sa.
Li bon pou mandé èsplikation mèm si ou conin, pou ou pli sir.

Sèl pa bèzouin di li salé.
Yon moun ki konain li bon, pa bézouin vanté tèt li, pou di  kijan li bon a lòt moun. 

Mérité pa mandé.
Ou pa bézoin mandé yon bagay ké ou mérité.

Mézi péché ou, sé mézi pénitans ou.
Otan ou fè ôtan ou ap gin pou répon a sa ou fè.

Koté yap plimen kodenn, poul pa ri
Pa jamm ri yon moun ki nan male

Maladi vin' sou chwal; li tounen sou bourik:
Maladi antré sou nou vit, men li pa sôti vit

Bon fanm pa rantré nan poch
Yon bon famn pa fè ou dépansé mal.

Piti kou-l piti, lanmori sé viann.
Lè pôch you moun plat, you goud sé kichoy. Li pap mouri grangou avè-l.

Bèf nan poto pa pè kouto
Nanpouin you bagay yon moun pap fè, pou li soti nan yon mové pa.

Lè ou nan mal, ou nan mal nèt 
Nanpouin you bagay yon moun pap fè, pou li soti nan yon mové pa.

Lajan sé rèspè
Lè ou gin lajan, moun ba ou rèspè.

Lariviè anpéché ou janbé, min li pa anpéché ou tounin.
Fôk ou konin ki lè pou ou fè bak.

Lè ou pral louin, ou bay bourik ou bouè dlo.
Pran souin sak pou ou, pou li fè diranntan.

Si pa té gin bourik, pa ta gin milèt.
Si pa té gin nèg nouè, pa ta gin milat.

Sé pa tout chin ki japé pou ou viré gadé'l.
Pa okipé sanzavé kap flaté ou.  Li pap jam aidé ou lè ou nan bézoin.

Si ou manjé ak moun, manjé ou pap jamn fini.
Si ou kon patajé manjé ou ak moun, lè ou nan bézoin, ou ap trouvé moun aidé ou.

Sé dékouvri sin Piè kouvri sin Pôl.
Lè yon moun détroui yon bagay pou'l bâti yon lôt. yo di ké li dékouvri sin Piè kouvri sin Pôl.

Sé lè van souflé, ou ouè bounda poul.
Sé lè bagay pasé mal, sé lé sa-a nou vin konsilté gran moun.

Sourit ki gin you sèl trou, mouri fasil.
Fò ou gin pliziè métié pou ou ka manjé. 

Samdi ki pou konnin si dimanch ap bèl.
Fè yon réfleksion, anvan ou  fè yon angajement, pou ou ouè kijan sa ap yé après. 

You zé jodi, pi bon pasé yon poul dinmin.
Pito ou pran sa yo ba ou jodi-a, li pi bon pasé si yo promèt ou you pi bon bagay dinmin.

Ti nèg fè sa li kapab, gro nèg fè sa li vlé.
Lè ou pa gin trop lajan, al dousman.  Ou bijé fé bout lajan ou.  Pa fé tan kou gro nèg ki gin lajan.

Plimin poul la, min pa kité-l rélé.
Lè ou gin yon avantay, fè atansion pou ou pa abisé li.

Sé pa you sèl bourik yo rélé matin.
Sé pa tout tan moun ap palé dé ou.  Ou pa sèl moun sou latè.

Tout voum sé do.
Sé lè ou crè ou konin tout bagay, lè ou konin yon ti kras, ou crè tout voum sé do. 

Tout boua sé boua, min mapou pa kajou.
Tout moun pa minm jan, minm si yo sòti minm koté.

Sòt ki bay, inbésil ki pa pran.
Pran avantay lè yon moun fè yon èrèr ki bon pou ou.

Zandolit pa mété kanson mabouya.
Pa fè plis ké ou kapab.

Vié chodiè kuit bon manjé.
Moun ki zanmi ou dépi lontan ak madam ou ki la ak ou dépi lontan, pi bon pou ou pasé sa ou fèk fè konésans.

Trôp lèspri, sôt pa louin.
Ouap rété ignoran sou sa ou pa konnin, si ou pa kité moun palé pou montré ou sa ou pa konnin.

Mandé chémin pa di pèdit pou sa.
Li bon pou mandé èsplikation mèm si ou conin, pou ou pli sir.

Nanpouin môn ki pa gin chémin dékoupé.
Ou kapab toujou trouvé yon jan pou réisi, mim si chémin ou travay lan dir.

Poul pa chanté dévan kôk.
Min si patron an pa konn travay la byin, fè atension jan ou di li.  

Lè lougarou frékanté ou, atansion pitit ou.
Véyé pou yo pa koronpi ti lanj ou yo, si ou ap frékanté mové moun.

Lougarou nan fanmi mal pou rékonnèt.
Li pa fasil pou rékonnèt sa ki vré ak sa ki pa vré, lè sé moun pa ou kap palé.

Pi ta pi tris.
Lè ou gin pou fè yon bagay, fè li vit, si non la pi difisil pi ta.

Nan bay kout min, ou jouin kout pié.
(d'un ami de Lecontact.com)
Gin dé moun ki pa aprésié sa ou fè pou yo.

Lang pa lanmè, min li ka néyé ou.
(d'un ami de Lecontact.com)
Yon tripôt ka rakonté de bagay sou ou ki ka fini ak réputasion ou.

Lariviè pa janm grosi san-l pa troublé.
Fòk ou fè sakrifis pou ou kapab avansé.

Kalbas gran bouch, pa kinbé dlo.
(d'un ami de Lecontact.com)
Yon moun ki palé trop, pa kapab kinbé yon sikrèt.

Ront pi lou pasé sè sak sèl.
(d'un ami de Lecontact.com)
Lè ou fè yon bagay ki ka fè ou ront, ront lâ ka rété ak ou lontan, é ap lou pou ou pasé yon sak sèl. 

Kofréfò pa suiv kòbiya.
d'un ami de Lecontact.com)
Ou pa kapab poté lajan avèk ou lè ou mouri.

Byin louin pa nan Ginin.
Byin louin pa vlé di pa fè moun ou konnin kouman ou yé.

Fôk ou konn manjé parôl pou gin zanmi.
Fò ou pa di tròp vérité pou ou zanmi kèk nèg.

Koté yap plimin kodinn, poul pa ri.
Minm jan nap palé mal dé yon lòt moun, sé konsa yo pral fè ou tou, viré ou viré pati. 

Byinvini pa konn ansyiènté.
Lè ou byinvini, ou kapab rivé loin, anvan ou vinn gran moun.

Dégouté minin koulé.
Fô ou rangé yon ti problem, anvan li vin trò gro.

Krédi pa péyé tèt li.
Lè ou fè krédi, pa blié ké fô ou péyé li.

Byin Chita pa di byin monté.
Mèm si ou ouè yon moun gin yon bon sitiation  pa vle di li lap toujou ginyin li.

Charité pa gin gou.
Ou pran sa yo ba ou, lè ou ap mandé.

Fin konnin mouri sôt.
Si ou pa vlé pran conseil anvan ou fè yon afè, ou ka pa réyisi afè-a. 

Bondié konn bay, min li pa konn séparé.
Bondié bay, min gin moun ki pran plis.

Bon karaktè, sé ouanga fanm lèd.
Sa patron an vlé, vlé-l tou.  Boulé ak yon moun pou li boulé ak ou.

Chaché kont pa difisil, sé kinbé-l la ki di.
Pa fè kont, lè nou gin pou nou rékonsilié kanminm.

Dévan pôt, gin parapôt.
Pa konnin ou kapab fè sa ou vlé ak yon moun, minm si li dènié klas maléré.  Toujou gin moun ki pou pran pou li.

Fanm se boua kajou, tank li pi vié, tank li pi kléré
Madanm yon nonm vin pi bon pou li, toutan laj ap antré sou li.

Jan ou marié, sé pa konsa ou divôsé.
Lè ou marié, ou fè fèt. Lè ou ap divôsé ou crié.

Kochon ronflé, se pa pou sa li dômi.
Sé pa paské nèg la di ou bonjou, li zanmi ou tout bon vré.

Kout baton trô fô, anpéché chin rélé.
Gin de bagay ou fè yon moun ki trôp di, pou moun la réaji. Si ou ap korijé yon moun ou ti-moun, frapé trôp di pa bay bon rézilta..

Bay bèf pou kabrit.
Si ou gain yon bon sitirasion, pa kité li pou al rédi touyé tèt ou nan yon lòt travay.

Chaché lavi, détoui lavi.
Lè yon maléré gin pou kité fanmi li pou al travay yon lòt koté, li bijé kité lavi ak fanmi li, pou ba yo manjé.

Réglé jis, pa gaté zanmi.
Lè ou péyé zanmi sa ou doué li, ou gin rèspè li pou li rété zanmi ou.

Sèl pa bèzouin di li salé.
Yon moun ki konain li bon, pa bézouin vanté tèt li, pou di  kijan li bon a lòt moun., 

Boua mové boua, min li bon nan difé.
Ou ka toujou trouvé yon usage pou tout bagay.

Di oui, koupé kont.
Yon moun ka dakò pou fini yon diskision kap tounain mal. 

Joué ak difé, difé ka boulé ou.
Si ou pran trôp chance, yon aksident ka rivé ou.

Konin trôp, fè crab mouri san tèt.
Gin de bagay ki fèt, fô ou fèmin zié sou li.

Anvan ou mouté boua, gadé si ou ka désann li.
Pa fè plan pou yon bagay ou pa kap fè.

Bon choual toujou mouri ak maling nan do.
Bon moun toujou sacrifié tèt yo pou lot moun.

Chin anrajé môdé minm mèt li.
Véyé zo ou pou nèg lan pa pasé raj li sou ou, lô nèg lan mabial.

Jé rouj pa boulé kay.
Yon moun ki fè gro san pa toujou méchan. Si ou kité-l, pa di krik, lap frèt yon ti moman. 

Aprè fèt, se graté tèt.
Pa fè dèt pou bay nèg banboché sou tèt ou.

Dlo manyôk pa lèt.
Pa kité vagabon fè nou kouè tout bagay, pou manjé ti kòb nou.

Gro non ki touyé ti chin.
Pa kité logèy monté pli tèt ou, lè yon moun ap bay ou gro non.

Kabrit bouè, mouton sou.
Gin de fouâ, moun pa blamé moun ki fè lobèy lan. 

Sak vid, pa kanpé.
Mété yon bagay bo bouch ou pou mangé, pou ou capab travay.

Bourik travay, choual galonnin.
Moun pôv travay di pou bouré pòch gro zotobré.

Chodiè ki pa bouyi pou ou, ou pa dékouvri-l.
Si sé pa pou ou li yé, ou pa gin doua pran li.

Kôk pa janm maché kité zépon-l.
Fòk ou giin zouti ou ak ou, pou ou kap travay.

Bité pa tonbé
Pa dékourajé!  mèm si ou pèdu yon gòl, ou kap toujou gingnin jouèt lan.

Chak bourik ranni nan patiraj li
Ou pa gin doua pasé lòd qué nan chantié ou.  Ou chèf lakay ou, mè pa lòt koté.

Nèg sôt sé manjé boulé
Ou pa ka fè angnin avec yon nèg sôt. 

Rann sèvis bay chagrin
Gingnin dé fouâ ou fè yon bagay pou yon moun, li pa kontan sa ou fè pou li.

Koté ou frapé pié ou, sé la ou doué kité-l singnin.
Si ou nan kont ak patron ou, sé sou li pou passé raj ou.  Pa rantré lakay ak misè ou.

Lajan séré pa fè pitit.
Pa séré lajan lakay. Pito ou fè komès ak lajan ou.

Lè ou kraché anlè, li tombé sou nin ou.
Pété déblozay ak gro zotobré isit, sé ou mimm kap toujou anba.

Lougarou nan fanmi mal pou rekonnèt.
Li pa fasil ditou rekonnèt sa ki vré ak sa ki pa vré lè sé moun pa ou. 

Afè nèg sé mistè.
Moun pa janm konn sa kap pasé nan tet moun.

Bon kôk chanté nan tout poulayé.
Kote msié pasé, li bon, byin asé yap di pou li.

Djol fanm pa gin dimanch.
Fanm pa janm rété palé.

Fôk ou konn manjé parôl pou gin zanmi.
Gin de fwa ou pa fouti di zanmi tout bagay ou sa ou pansé de li. 

Bèl Chévé pa lajan.
pa kité apparance trompé ou.

Kaché  lavérité , sé antéré dlo.
Yon lè, vérité-a gin pou-l sòti.

Kapab pa soufri.
si ou gin anpil lajan, ou ka fè sa ou vlé. 

Kochon pa janm faché ak labou.
si ou bésoin yon bagay ou yon moun, ou pap ouè mové coté-l.

Bouè tafia réspékté boutèy.
Réspékté fi-a mèm si li di ou bonjou.  Sé pa paské li di ou bonjou pou tombé fè frékan ak li.

Bourik pa janm ranni dévan zèb.
Si-m té gin-gnin kòb, m-pa ta mandé. Grangou ki fè map mandé lacharité. 

Chodiè prété pa janm kouit bon manjé.
Yon bagay ou prété pa mem ak afè pa-ou. Ou konn bout afè pa-ou.  

Dan griyin pa fè kè kontan.
Pafoua, ou blijé ri pou ou pa fou.

Rétounain

 

 

Copyright © 2000-2001 Lecontact.com, Inc